Accessibility links

Breaking News

Air Canada Pral Rekòmanse Vòl sou Ayiti an Jwen 2019


Yon avyon Air Canada
Yon avyon Air Canada

Konpayi ayeryèn Air Canada anonse l ap rekòmanse vòl ant Montreal ak Pòtoprens nan mitan mwa jwen pwochen an olye de fen mwa avril la. Air Canada te kanpe vòl li sou Ayiti pandan peryòd peyi lòk la pou rezon sekirite.

Konpayi an te anonse li sispann tout vòl li an direksyon Ayiti pou 2 mwa. Nouvèl sa te rive suit ak dezòd ki te eklate nan Pòtoprens yo pandan 2 semèn kòmanse depi 7 fevriye 2019 la kote opozisyon politik la te lanse plizyè jounen manifestasyon pou mande demisyon Prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a malgre apèl o dyalòg chèf leta a li menm bò kote pal te lanse yon fason pou rive jwenn yon solisyon nan kriz politik e sosyal peyi a.

XS
SM
MD
LG