Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken Maxine Waters Fè yon Pwopozisyon sou Sitiyasyon an ann Ayiti


Depite Ameriken ki reprezante eta kalifòni, Maxine Waters, pandan li tap pale ak laprès nan Capitol Hill nan Washington, 23 mas 2017.
Depite Ameriken ki reprezante eta kalifòni, Maxine Waters, pandan li tap pale ak laprès nan Capitol Hill nan Washington, 23 mas 2017.

Depite Maxine Waters ap travay ak kòlèg li yo pou wè ki mwayen ki ka mete fen nan vyolans politik la ann Ayiti. Se konsa Madam Waters, ki se prezidan Komisyon Sèvis Finansye Lachanm nan, pwopoze pou bon jan konsiderasyon sou sitiyasyon an ann Ayiti antre nan dosye bidjè federal la pou ane fiskal 2020 an, seksyon Depatman Deta - Operasyon Entènasyonal.

Vrèmanvre, Depite Waters, ki retounen Ozetazini sa pa gen lontan apre yon vizit ann Ayiti kote li te wè ak pwòp je li prèv ki montre ke gang ki afilye ak gouvènman an ap komèt zak vyolans pou rezon politik, mete ansanm avèk Depite Barbara Lee pou yo gen asirans ke done sou sitayasyon politik la ann Ayiti fè pati rapò Depatman Deta pral voye pou lejislasyon sou budjè 2020 an, seksyon Alokasyon pou Operasyon Entenasyonal.

Depite Barbara Lee --an tan ke vis-prezidan Komisyon sou Sèvis Finansye a- te ede palmantè yo prepare redaksyon lejistasyon an, ki manifeste gwo kè-sote devan dezòd sivil yo ann Ayiti, e tèks dokiman an ensiste sou ensidan ki te dewoule nan La Saline nan mwa novanm 2018 la.

Yon pati nan rapò komisyon an soumèt sou Ayiti di :

"Etandone sa ki di nan komansman rapò sa a, nou bloke tout asistans pou gouvènman santral Ayiti a, toutotan Sekretè Deta a pa sètifye e rapòte ke gouvènman ayisyen an ap pran dispozisyon pou li fè sa n pral di la a:

1 - Ranfose Eta de dwa. Pou sa, se pou li chwazi jij yo an tout transparans, baze sou merit; se pou l redui tan moun pase nan prizon anvan yo jije; respekte endepandans pouvwa jidisyè a epi reyalize refòm pou ogmante transparans ak obligasyon pou otorite yo rann kont pou aksyon yo. Tou sa dwe gan ladan n refòm nan kòd penal la ak kòd kriminèl la;

2- Se pou gouvènman ayisyen an konbat koripsyon; sa dwe gen ladan n efò pou aplike Lwa sou Koripsyon 2014 la epi jije otorite ki kowonpi yo;

3.- Ogmantasyon revni Leta -sa dwe gen ladan n refòm fiskal ak ogmantasyon pou moun k ap travay nan Leta yo;

4.- Rezoud mezantant komèsyal ki egziste ant kèk antite ameriken ak gouvènman ayisyen an."

Sete ekstrè yon rapò Komisyon Sèvis Finansye Chanm dè Reprezantan Lèzetazini an ap konsidere konsènan sitiyasyon an ann Ayiti. Se yon pwopozisyon Depite Maxine Waters.

XS
SM
MD
LG