Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Nome a, Jean Michel Lapin, Ap Tann Palman an Rele l Vin Prezante Politik Jeneral li


Premye minis nome ayisyen an Jean Michel Lapin. Foto :VOA Creole
Premye minis nome ayisyen an Jean Michel Lapin. Foto :VOA Creole

Prezidan Jovenel Moise te chwazi mesye Jean Michel Lapin minis kilti a kòm premye minis pwovizwa tou suit apre vòt sansi chanm depite te bay Mèt Jean Henry Céant an. Mesye Lapin ki te dwe okipe pòs la pou yon peryòd 30 jou te vin jwenn apwobasyon prezidan repiblik la kòm moun ki pral dirije pwochen gouvènman definitif la apre ratifikasyon li nan Palman an.

Semèn pase a, premye minis nome Jean Michel Lapin te fè depo pyès li devan Sena ak nan chanm depite yo. Pou kounye a, Mesye Lapin ap tann 2 chanm yo envite l separeman dapre konstitisyon peyi a pou l vin prezante politik jeneral li.

Jiska prezan Sena a poko di nan ki pwen li ye ak dosye premye minis nome a. Sepandan, Depite Jacques Beauvil ki tap reponn kesyon Lavwadlamerik fè konnen asanble depite yo pral mete kanpe, semèn sa a yon komisyon espesyal pou analize dosye Premye minis nome a.

Pandanstan, dosye Ayiti nan tiwa Fon Monetè Entènasyonal (FMI) kap tann peyi a gen yon premye minis pèmanan ak yon bidjè fiskal 2018-2019 ke palman an ratifye avan pou l debloke yon fon apui bidjetè 229 milyon dola li pwomèt leta ayisyen an plizyè tranch..

Yon lòt kote, Anbasadris amerikèn nan ann Ayiti, Michele Sison fè yon vizit koutwazi nan rezidans prive Premye Minis nome a Jean Michel Lapin kote yo diskite relasyon ant 2 peyi yo.

XS
SM
MD
LG