Accessibility links

Breaking News

Prè FMI 229 Milyon Dola pou Ayiti a Bloke Toutotan Pa Gen yon Premye Minis ak yon Bidjè


 Yon nonm kap mache devan biwo Fon Monetè Entènasyonal la, FMI, nan Washington, 8 avril 2019. Foto: REUTERS/Yuri Gripas
Yon nonm kap mache devan biwo Fon Monetè Entènasyonal la, FMI, nan Washington, 8 avril 2019. Foto: REUTERS/Yuri Gripas

Fon Monetè Entènasyonal, FMI fè konnen li pap ratifye prè 229 milyon dola li ofri Ayiti toutotan pa gen yon nouvo gouvènman ak yon bidjè palman an apwouve.

Anons sa a fèt nan moman Prezidan Jovenel Moise pibliye dekrè nominasyon Jean Michel Lapin kòm nouvo Premye Minis pou ranplase notè Jean Henry Ceant ke asanble depite a te bay yon vòt non-konfyans.

2 chanm yo gen pou ekri premye minis nonmen an Jean Michel Lapin pou envite l vin prezante enonse politik jeneral li. Pou kounye a kesyon moun ap poze sèke èske premye minis nome a pral jwenn abwobasyon tou 2 chanm yo?

Kèk depite ki te pale nan mikwo Lavwadlamerik fè konnen yo pa gen entansyon vote pou yon premye minis ki te minis nan yon gouvènman chanm depite a te ranvwaye. Nan chanm wot la, Senatè Youri Latortue ki te montre li pat dakò ak vòt sansi majorite depite yo te bay gouvènman Jean Henry Céant an, fè konnen peyi a pa gen pwoblèm premye minis men pito yon dyalòg ant tout sektè pou yon solisyon dirab nan kriz politik la.

XS
SM
MD
LG