Accessibility links

Breaking News

Administrasyon Moïse/Lafontant an Fas ak Presyon Popilè e Rekòmandasyon FMI


Magazin manifestan mete dife ladan yo nan Pòtoprens
please wait

No media source currently available

0:00 0:00:10 0:00

Magazin manifestan mete dife ladan yo nan Pòtoprens

Pòtoprens konnen yon jounen makawon samdi 7 jiyè 2018 la. Manifestan ankòlè mete dife nan plizyè biznis prive, magazen, makèt ak otèl san konte plizyè vit machin ki kraze anba kout wòch.
Sitiyasyon sa a lakoz menm ayewopò Pòtoprens fèmen. Nouvèl kap sikile nan Washington e nou ka fè konfyans fè konnen tout konpayi avyon anile vòl yo te genyen ki tap soti Ozetazini pou ale Ayiti. Ensidan sa yo ki eklate nan kapital ayisyèn nan rive nan mwens pase 24 trèd tan apre gouvènman Moïse/Lafontant an te fin anonse yo ogmantasyon ant 40 a 50 pousan sou pri gaz la.

3 noun pou pipiti mouri nan ensidan yo. 2 nan viktim yo ta sanble pèdi lavi yo anba bal nan konfwontasyon ak fòs de lòd yo. 3èm viktim, ki dapre sa yon jounalis Associated Press rapòte, ta mouri nan konfwontasyon ak manifestan Jovenel Moïse di li regret zak briganday ki fet yo, pandan l di Leta pral pran responsablite zak li yo.
Prezidan an ki di li resevwa mesaj popilasyon an, mande l pou l rantre lakay li paske lapolis pral pran kontwol lari a, pou netwaye l... Jovenel Moïse mande popilasyon an pou l pa gen konpotman sa anko le gen yon desizyon ki pa fe ke l kontanyo lè li te desanm machin pou dispèse manifestan tou pre yon barikad.

Deblozay sa yo te oblije gouvènman kouri retounen sou desizyon pou l ogmante pri gaz la, li te kouri retounen mèsi sa a mete nan tiwa akoz manifestasyon kote moun yo fè konnen yo deja paka viv anba lavi chè a, vwa sil ta vin pi chè toujou.

Dapre, plizyè obsèvatè, sitiyasyon sa mete rejim Moïse/Lafontant an nan ti soulye l kote lap eseye satisfè youn nan rekòmandasyon Fon Monetè Entènasyonal FMI, ki mande l sispann sibvansyone gaz la sou mache lokal la. Leta ayisyen depi sou gouvènman pase yo te kon sibvansyone gaz la yon fason pou l pa vann twò chè sou mache a.

Sitiyasyon sa a tou vin mete plis toujou sou move moman premye minis Jack Guy Lafontant kòmanse konnen nan men sitou palmantè opozisyon yo ki te mande prezidan chanm depite a Gary Bodeau pou konvoke Misye Lafontant sou reyalizasyon travay li nan tèt gouvènman, yon konvokasyon ki te fini yon jan dwòl lè palmantè yo te aprann nan yon lèt Kou siperyè dèkont, 5 nan minis gouvènman an pa gen dechaj.

XS
SM
MD
LG