Accessibility links

Breaking News

Chanm Depite Ayisyen an Pran yon Vòt Non-Konfyans kont Premye Minis Jean Henry Céant


Jean Henry Céant, Premye Minis ayisyen an ki jwenn revokasyon li nan men Chanm Depite a. 17 septnam 2018. REUTERS/Andres Martinez Casares - RC172F5EE8D0
Jean Henry Céant, Premye Minis ayisyen an ki jwenn revokasyon li nan men Chanm Depite a. 17 septnam 2018. REUTERS/Andres Martinez Casares - RC172F5EE8D0

Ann Ayiti, Prezidan Jovenel Moise ekri Prezidan Chanm Depite a, Garry Bodeau, pou l fè konnen li pran ak de desizyon majorite depite yo pran pou yo ranvwaye Premye Minis Jean Henry Céant ak tout gouvènman an.

Depite yo vote (93 vwa pour, 6 kont, e 3 abstansyon) pou yo wete Misye Ceant nan tèt gouvènman an nan yon seyans ki dewoule alòske PM nan te nan Sena a pou yon lòt seyans entèpelasyon. Nan lèt chèf deta a adrese Prezidan Chanm Bas la, li enfòme l ap kòmanse tou suit seri konsiltasyon yo ak lidè 2 chanm palman an pou deziye yon lòt Premye Minis.

Prezidan Moise ekri lèt sa a malgre Sena a ranvwaye pou mèkredi 20 mas la seyans entèpelasyon pa li kote Premye Minis la t ap genyen kesyon sou arestasyon ak liberasyon 7 etranje ki te tonbe anba men lapolis nan dat 17 fevriye pase a.

Yon jij te prezante sou plas sou demand Premye Minis la pou l te konstate Misye Céant te prezan nan Sena a aprè vòt depite yo. Lè seyans la te fini nan Chanm Bas la, Depite Bodeau te ekri chèf deta a pou mete l okouran de desizyon depite yo pran pou yo ranvwaye gouvènman an.

XS
SM
MD
LG