Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Chann Depite a Gen yon Nouvo Biwo


Chanm Sena ak Depite yo reyini an Asanble Nasyonal pou ouvèti sesyon nouvèl ane palmantè a. Foto achiv: 13 fevriye 2016. REUTERS/Andres Martinez Casares.
Chanm Sena ak Depite yo reyini an Asanble Nasyonal pou ouvèti sesyon nouvèl ane palmantè a. Foto achiv: 13 fevriye 2016. REUTERS/Andres Martinez Casares.

Chanm Depite ayisyen an bay Depite Gary Bodeau yon lòt manda kòm prezidan chanm bas la dapre eleksyon ki dewoule madi 15 janvye 2019 la.

Lòt manm nan biwo a se: Caleb Desrameaux, Vis-prezidan o seyans, Jean Étienne, Vis-prezidan Afè Administrativ, Marie Gladice St Jean Lundy, Premye Sekretè.

Palman ayisyen te reyini ann ansanble nasyonal lendi 14 janvye 2019 pou make rantre palmantè a. Nan okazyon sa , premye minis a Jean Henry Céant te prezante bilan aksyon gouvènman li an mennen depi lèl li an fonksyon. Prezidan Jovenel Moïse, li menm, te pale sou sitiyasyin peyi a kote li pwomèt eleksyon ak amelyorasyon nan dwa moun. Prezidan Moïse di li rekonèt ane 2018 la te trè difisil men anonse 2019 la pral yon ane gwo desizyon.

Prezidan Jovenel Moïse: " 2019 Se Ane Gwo Desizyon"
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:38 0:00

Toutfwa, nouvel ane palmante a pat kòmanse nan yon anbyans fratènèl ak nan lapè. Depite opozisyon manm Fanmi Lavalas, Printemps Bélizaire, te deside pètibe seyans la ak yon megafòn an siy pwotèstasyon kont Prezidan Sena a, Joseph Lambert ki ta fè konnen machin ofisyel depite a enplike nan bay bandi wilib pou chape pou l yo lè lapolis lage koukouwouj dèyè yo nan katye popilè pou move zak. Senatè Lambert avan dewoulman seyasn la te deklare dosye sa a se yon afè klase. Menm jan ak chan depite yo senatè yo ap vote pou eli yon lòt biwo.

Ayiti: Nouvèl Ane Palmantè a Demare nan yon Anbyans Espesyal
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:53 0:00

Yon lòt kote yon branch nan opozisyon an ansyen senate e ansyen kandida alalprezidans, Moïse Jean Charles ap dirije, te lanse yon manifestasyon devan palman an. Nouvèl ki soti ann Ayiti te fè konnen plizyè patizan lidè pati Piti Desalin yo deja pran pozisyon devan Palè Lejislatif la pou manifeste kont gouvènman an avan seyans la te kòmanse.

XS
SM
MD
LG