Accessibility links

Breaking News

Mesaj Prezidan Jovenel Moïse nan Okazyon 215 Zan Endepandans Peyi Dayiti


Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse Lanse yon Apèl pou tout sitwayen mete tèt ansanm pou avni Peyi a.

Nan okazyon selebrasyon 215 zan endepandans Dayiti premye janvye 2019, premye sitwayen peyi a Jovenel Moïse fè yon diskou nan Gonayiv anprezans kò diplomatik la, otorite lajistis yo ak nan pwouvwa lejislatif kote li pale sou enpòtans tèt ansam ant tout sitwayen. Dapre prezidan an, inite ak lespri poun konstui olye poun kraze brize, se sèl mwayen kap pèmèt Ayiti pran wout devlopman tout bon jan tout ayisyen reve l la.

Prezidan Moïse deklare, Ayiti dwe yon peyi kote ayisyen ak etranje kapab vin envesti lib e libè. Lokatè Palè Nasyonal la mete aksan tou sou enpòtans yon klima sekiriti nan ak estabilite nan peyi a.

Klike sou video a ki anlè tèks la pou plis detay.

XS
SM
MD
LG