Accessibility links

Breaking News

Prezidan Jovenel Moïse Mande Tout Ayisyen: "Kiltive Lespri Vètyè a pou N Rive Kase Chèn Sou Devloman"


Prezidan Jovenel Moïse Lanse yon Mesaj pou Inite nan Okazyon 215èm Anivèsè Batay Vètyè a
please wait

No media source currently available

0:00 0:06:41 0:00

2022 New York Auto Show

Nan diskou li, prezidan Jovenel Moïse raple tout moun alawonbade ke:

“18 novanm se jou pou nou di ochan pou zansèt nou yo. Se jou pou temwaye la rekonesans devan lemond antye pou gwo kokenn chen sakrifis zansèt nou yo te fè.

18 novanm se jou pou nou chak ayisyen mande tèt nou ki sa nap fe. Ki san ou ka fè pou onore bèl peyi sa zansèt nou yo kite pou nou. Dessalines, Christophe, Petion, Capois, Gabart ak tout lòt yo te batay pou nou te gen libète. Yo te batay kont fòs fè nwa ki te vle kenbe nou nan chèn esklavaj.

Jodia, nou pa esklav anko, gras ak Ayiti pa gen pèp nan rejyon an, ni nan mond lan ki esklav anko. Ayibobo pou zansèt nou yo. Frèm ak sem yo, lè batay la a fini. Jodia, se le pou nou kowopere, sa vle di se lè pou nou mete tèt ansanm pou kase chen sou-devlopman, chen blakawout, chen la mize ki fè gen kèk nan nou ki anvi bliye sa nou ye.

Se le pou nou kowopere pou nou bati yon Ayiti ki fè fyète zansèt nou yo, yon Ayiti ki fè fyète nou, fyète pitit nou ak pitit-pitit nou.”

Nan mesaj alanasyon li a, Prezidan Jovenel Moise pwofite fè konnen:

“Nou pap twompe nou de wout, nou pap bliye kote nou soti, nou konprann byen, nou konprann trè byen kote nou ye, nou pap bliye kote nou prale. Misyon nou se kase chen sou-devlopman. Chen sou-devlopmam makonen ak monopol nan avantaj yon ti gwoup ki fè lamize ap fleri.

Chen sou-devlopman makonen ak lespri entolerans pou simen dèy nan mitan pep la. Chen sou-devlopman makonen ak lespri anti-demokratik pou kreye enstabilite kap plonje pèp la nan plis mize. Chen sou-devlopman ak enstabilite se kòkòt ak figawo.

Pep Ayisyen, reveye w, pa kite amate, zak kraze brize retire nou sou chimen demokrasi. Se nan tèt ansanm, nan lape, ak bon jan konprann pou nou rive kase chen sou-devlopman ki fè depi plis pase 60 tan pitit peyi a oblije travèse lanme, travèse frontyè ale kay vwazen deye lavi miyo.

Chen sou-devlopman makonen ak enstabilite pou kraze pwodiksyon nasyonal la, anpeche pep la gen manje nan asyèt li ak kòb nan poch li. Nap travay pou chak ayisyen viv pi byen, se sa nou te pwomèt, se sa nap fe. An nou kiltive lespri Vètyè.

Lespri Vetye se kouraj, solidarite, deteminasyon ak kowoperasyon youn ak lot. Lespri Vetye a dwe kontinye ban nou kouraj pou nou mennen konba pou endepandans ekonomik, estabilite politik ak lapè sosyal nan peyi nou paske nou tout se ayisyen.”

Nan fen diskou li a,

Prezidan Jovenel Moise sèvi ak deviz peyi a pou li raple pèp ayisyen an ke “Linyon fè lafos, le nou divize nou vinn pi fèb. An nou rete kole youn ak lòt, an nou kowopere pou bati yon Ayiti kote chak ayisyen ap ka viv pi byen. An nou kowopere menm jan ak zansèt nou yo nan Vètyè pou chak moun sou tè sa a ka viv tankou moun.

Se yon nesesite ak yon obligasyon pou nou pale youn ak lòt men si nou pa dakò sou tout bagay. Se nan bon jan dyalòg nou ka rive jwen solisyon pou nou mennen peyi a sou wout chanjman tout bon vre."

XS
SM
MD
LG