Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Rankont ant Konsèy Siperyè Polis la ak Komisyon Sekirite Sena a Ranvwaye


Manb Polis Nasyoal Ayiti a PNH. Foto: REUTERS/Swoan Parker (Pòtopresn. Ayiti)
Manb Polis Nasyoal Ayiti a PNH. Foto: REUTERS/Swoan Parker (Pòtopresn. Ayiti)

Rankont ki te gen pou dewoule ant Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la ak komisyon sekirite nan Sena ayisyen an ranvwaye pou yon lòt dat.

Desizyon sa a pran apre direktè Polis Nasyonal la Michel Ange Gedeon te deklare nan laprès li pa rekonèt nouvo inifòm ak zam, machin espesyal ajan kap sekirize Palè Nasyonal la te pote nan okazyon 18 Novanm nan.

Aktivite yo rekòmanse repran timidman nan plizyè vil atravè peyi a apre 3 jou boulvès. Yon mesaj Prezidan Jovenel Moïse te sipoze mete devan nasyon an ranvwaye pou rezon teknik dapre responsab yo.

Sekretè deta Sekirite Piblik la Ronsard Saint Cyr fè nan laprès mèkredi 21 novanm nan li di sitiyasyon an ap retounen nan nòmal pandan li ankouraje sektè dafè a, etablisman eskolè yo ak popilasyon an pou reprann aktivite yo. Selon Mesye Saint Cyr otorite yo prèske gen kontwòl sitiyasyon an malgre opozisyon an ensiste grèv la ap kontinye jiskaske Prezidan Moise demisyone.

XS
SM
MD
LG