Accessibility links

Breaking News

Karavann Chanjman Ap Fè Wout nan Moman Palman an Ap Kontinye ak Etid Pyès Premye Minis Nome a


Wout kap fèt nan Jeremi, Ayiti. Foto Prezidan repiblik la Jovenel Moïse pataje sou kont Twitter li. 19 out 2018.
Wout kap fèt nan Jeremi, Ayiti. Foto Prezidan repiblik la Jovenel Moïse pataje sou kont Twitter li. 19 out 2018.

Nan kad pwomès developman Prezidan Jovenel Moïse ap fè depi lè li monte sou pouvwa a tankou kreyasyon nouvo wout ak mete elektrisite toupatou nan peyi a, moun kapab li sou kont Twitter mesaj kote lokatè Palè Nasyonal la montre peyi a ap mache e ke gouvènman li an ap kontinye travay. Prezidan an ekri:

"Travay Asfaltaj yo tanmen depi soti Kafou Bak pou rive nan vil Jeremi, tout sa se fwi deplwaman Karavàn chanjman an nan Gran Sid peyi a, depi anviwon yon lane, nan lide pou mete materyèl ak pèsonèl Leta yo nan sèvis tout pitit peyi a."

Prezidan Moïse tweet mesaj sa a nan peryòd pouvwa li a ap fonksyone ak yon gouvènman demisyonè.

Depi apre 14 jiyè 2018 pase a, pou vwa egzekitif la ap likide sèlman afè kourant apre demisyon premeye minis Jack Guy Lafontant suit ak dezod 6 ak 7 jiyè 2018 yo.

Pandanstan, tout zye brake sou pouvwa lejislatif la kap etidye dosye premeye minis nome a, Jean Henry Céant avan yo konvoke l pou l vin prezante politik jeneral li kote palmantè yo pral detèmine si ou non Mesye Céant merite yon vòt konfyans.

XS
SM
MD
LG