Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Clifford Brandt Avwe li te Kidnape Mesye Dam Moscosso yo


Foto ki montre men yon prizonye ki andan yon prizon.
Foto ki montre men yon prizonye ki andan yon prizon.

Akize prensipal nan zak kidnapin Clifford Brandt mande jij tribinal kriminèl Gonayiv la pou l fè lafami Moscosso eskiz, tankou pou l eksprime regrè li lefètke li te òdone zak la. Jij la di akize a lalwa ayisyèn pa otorize sa.

Pwose Ckifford Brandt nan Gonayiv
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:03 0:00

Gonayiv 14 desanm 2018, òm dafè Clifford Harry Brandt rekonèt enplikasyon l kòm otè entelèktyèl doub anlèvman ak sekestrasyon ki te fèt sou 2 jèn Moscosso yo, Coralie ak Nicolas nan dat 16 oktòb 2012.


Pandan tribinal kriminèl Gonayiv la tap tande akize prensipal la an palan de Mesye Brandt, ebyen li avwe li te bay ajan sekirite rapwoche l, Edner Come, ki se an menm tan tou chofè l, lòd pou te kidnape jèn Moscosso yo.

Pandan odisyon sa a ki te dire plis pase 6 èd tan, Clifford Brandt rekonèt li te bay Edner Come lajan pou l te ka peye lòt moun ki te patisipe nan zak kidnapin nan pandan l fè konnen tou li te òdone yo pa fè viktim yo okenn mal.


Prensipal akize a, nan pwosè a, fè konnen tou li te fè kidnape timoun Moscosso yo poutèt papa yo Robert Moscosso ki se pwopriyetè Compagnie Haitienne de Moteurs, yon konpayi kap vann machin te fè papa l Fritz Brandt pèdi yon kontra vann ak lwe machin ak leta ayisyen aprè yon apèl dòf konpayi a te ranpòte.


Daprè prezime kidnapè a, li te bay lòd sa a akoz yo te arete papa l ki te menm sibi imilyasyon sou pretèks li ta enplike nan yon dosye kontrebann ki ta fè l pèdi kontra a. Clifford Brandt kontinye pou l di lè li vin aprann kounya a se konpayi machin Robert Moscosso a ki rele Automeca ki benefisye kontra pou vann ak lwe machin ak leta ayisyen li tap chache vanje kont fanmi Moscosso ki ta alabaz sak rive papa l la.


Pandan seyans odisyon an, Clifford Brandt te fè ave e menm mande jij ki tap prezide odyans la pèmisyon pou l prezante eskiz li bay fanmi Moscosso. Sepandan, jij Denis Pierre Michel pat dakò paske lalwa pa otorize l fè sa.


Aprè senkyèn jounen dezyèn pwosè Clifford Brandt la ak 2 lòt akize yo kise Carlo Bendel Sanit Fort ak Rico Pieval, jij la fiske yon lòt odyans pou 8 janvye 2019.

XS
SM
MD
LG