Accessibility links

Breaking News

Lapolis Nasyonal Pèdi yon Kad Enpòtan nan Lit Kont Trafik Dwòg


Ajan Polis Nasyonal Dayiti a nan Pòtoprens pandan seremoni anivèsè Batay Vètyè a. Foto :REUTERS/Andres Martinez Casares, 18 novanm 2018.
Ajan Polis Nasyonal Dayiti a nan Pòtoprens pandan seremoni anivèsè Batay Vètyè a. Foto :REUTERS/Andres Martinez Casares, 18 novanm 2018.

Dapre nouvèl ki soti ann Ayiti, pòt pawòl Polis Nasyonal la Michel Ange Louis Jeune konfime nouvè lanmò responsab BLTS la kote li di lanmò sibit sa a kite yon gwo vid nan mitan enstitisyon polis la o pli wo nivo.

Prezidan aysiyen an Jovenel Moise deklare pou l di disparisyon sa a se yo gwo pèt pou Polis Nasyonal la. Lokatè Palè Nasyonal la prezante kondoleyans li bay fami defen an ak tout enstitisyon polis la ke dèy sila a afekte.

Enspektè Divizyonè Charles Odelet, 8èm pwomosyon PNH la, ki te respomsab Brigad anti-Dwòg, BLTS mouri 30 desanm 2018 pase a nan yon lopital suit ak yon malèz li te santi.

XS
SM
MD
LG