Accessibility links

Breaking News

Premye Minis Jean Henry Céant Ap Fè yon toune nan Kanada pou Atire Envestisè ann Ayiti


Premye Minis Jean Henry Céant
Premye Minis Jean Henry Céant

Premye Minis Jean Henry Ceant trouve l O Kanada depi 11 Desanm pase nan entansyonl pou l atire envestisè nan peyi Dayiti.. Chèf Primati a deja fè plizyè rankont ak reprezantan medya yo. Konsènan kriz la nan nasyon Karayib lla, mesye Ceant pale sou nesesite pou gen yon dyalòg entè ayisye, dekwa pou rezoud pwoblèm peyi a e kreye ann Ayiti. Aprè Toronto. Premye Minis Ceant ap vizite Otawa pou l rankontre Premye kanadyen Minis Justin Trudeau avan li retounen ann Ayiti.

Plizyè depite ki detaye tèt yo kom manm opozisyon an, pami yo Abel Descollines, pwomèt pou yo mennen yon geriya palmantè pou anpeche bidjè 2018 -2019 la vote si responsab yo pa dekese fon kominal ak depatmantal ki te prevwa nan ansyen bidjè yo. Selon eli Mibalè a y ap itilize tout mwayen nesesè pou anpeche deba fèt sou bidjè a.

Anvwaye Espesyal Oganizasyon Nasyonzini ann Ayiti Helen La Lime pran lapawòl devan Konsèy Sekirite Nasyonzini an mèkredi 12 desanm 2018 la pou l pale sou kriz politik peyi a. Selon responsab la tansyon an pa diminye apre leve kanpe jiyè pase a. Premye Minis Jean Henry Ceant pa rive kalme opozisyon an k ap mande demisyon prezidan Jovenel Moise. Reprezantan espesyal Sekretè Jeneral l'ONU an souliyen enpak pozitif Misyon Nasyonzini pou Kore Lajistis ann Ayiti. Misyon an ogmante kapasite Polis Nsyonal, ankouraje dwazimen ak aplikasyon lalwa.

.Chansèleri Archeveche Pòtoprens la anonse fineray Monsenyè Guire Poulard ap chante samdi 22 Desanm kap vini an nan katedral tanporè a nan Pòtoprens. Responsab yo mande tout relijye yo pou yo abiye ak rad blan. Kadav la ap ekspoze a 7è nan maten epi fineray la ap chante a 9è.

Soti 15 pou rive 16 desanm 2018 la, 2èm edisyon mouvman " Konsome lokal" ap dewoule nan Parc Historique Canne a Sucre komin Tabar nan Pòtoprens. Oganizatè yo espere double kantite vizitè yo te genyen nan premye edisyon ane 2017 kote anviwon 3 mil moun te fè deplasman an pou patisipe nan pwogram nan.

XS
SM
MD
LG