Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Politik: 2 Chanm Palman an ap Tann Premye Minis Céant pou Entèpelasyon Lendi 18 Mas la


Premye minis Jean-Henry Ceant kap mache sou lakou Palè Nasyonal la apre seremoni ratifikasyon li a. 17 septanm 2018.
Premye minis Jean-Henry Ceant kap mache sou lakou Palè Nasyonal la apre seremoni ratifikasyon li a. 17 septanm 2018.

Premye Minis ayisyen an, Jean Henry Céant, ak 2 manm gouvènman li a gen pou yo prezante devan Sena a nan matine jounen lendi 18 mas la, olye de mèkredi 20 mas la, pou yo bay eksplikasyon sou arestasyon ak liberasyon 7 etranje ame ki te tonbe anba men lapolis nan dat 17 Fevriye pase a e ki te fin pa kite peyi a.

Misye Céant, ki te nan Maròk e ki te dwe ki te peyi sa a madi 19 mas pou vwayaj retou li ann Ayiti, deja rive Pòtoprens depi dimanch 17 la, daprè nouvèl yo. Sena a gen pou bay chèf gouvènman an yon vòt konfyans nan fen seyans entèpelasyon an.

Aprè sesyon Sena a, Premye Minis la gen pou l prezante devan Chanm Depite a pou yon lòt seyans entèpelasyon. Plizyè dizèn depite siyen yon lèt ki mande chèf gouvènman an prezante pou reponn kesyon Chanm Bas la sou dosye liberasyon etranje yo. Minis Kominikasyon gouvènman an, Edddy Jackson Alexis, atire atansyon palmantè entèpelatè yo sou konjonkti a nan peyi a.

XS
SM
MD
LG