Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Etazini: Vizit Sou-Sekretè Deta pou Afè Politik, David Hale, nan Pòtoprens


David Hale, Sou Sekretè Deta Etazini pou Afè Politik.
David Hale, Sou Sekretè Deta Etazini pou Afè Politik.

Nouvèl Konsènan Lèzetazini avèk Ayiti

Vandredi premye mas 2019 la, Sou-Sekretè Deta ameriken pou Afè Politik, David Hale, pral vizite Pòtoprens, kapital peyi d Ayiti. Sou pwogram vizit sa a genyen rankont avèk Prezidan Jovenel Moïse, Premye minis Jean Henry Céant, ak lidè nan sektè politik, ekonomik ak sivik la. Sou-Sekretè Deta Hale pral ankouraje yon dyalòg nasyonal ak tout moun pou yo diskite sou defi ekonomik ak politik Ayiti ap konfwonte.

Vizit Sou-Sekretè Deta a reyafime angajman peyi Etazini pran pou li travay ak tout Ayisyen pou yon avni ki gen plis sekirite, plis pwosperite ak plis demokrasi.

Se tèks yon kominike ki sòti nan anbasad Lèzetazini ann Ayiti.

XS
SM
MD
LG