Accessibility links

Breaking News

Ayiti Politik: Jean Michel Lapin Ranplase Jean-Henry Céant kòm Premye Minis


Premye minis nome ayisyen an Jean Michel Lapin. Foto :VOA Creole
Premye minis nome ayisyen an Jean Michel Lapin. Foto :VOA Creole

Ann Ayiti, Prezidan Jovenel Moise pran yon arete kote li anonse li chwazi Minis Kilti ak Kominiksyon an, Jean Michel Lapin, nan plas Premye Minis ranvwaye a, Jean Henry Céant. Misye Lapin pral dirije yon gouvènman pwovizwa.

Aprè tout konsideran yo, men sa ki di nan arete a:

"Atik 1. Sitwayen Jean-Michel Lapin nonmen Premye Minis pwovizwa pou l likide afè kourant yo annatandan fòmasyon yon nouvo gouvènman.

Atik 2. Arete 5 out 2018 la, ki te nonmen sitwayen Jean-Henry Céant Premye Minis la, li pa valab ankò.

Atik 3. Enterese a va jwenn yon kopi arete sa a.

Atik 4. Se pou arete sa a enprime, pibliye epi egzekite jan lalwa mande sa a.

Sa fèt nan Palè Nasyonal, nan Pòtoprens, nan dat 20 mas 2019, 216èm ane Endepandans.

(S): Prezidan Jovenel Moise.

=================================================

Yon lòt kote, Jean-Henry Céant voye bay Prezidan Jovenel Moise yon lèt kote li anonse demisyon l. Premye Minis ranvwaye a ekri:

Premye mins Jean Henry Ceant (adwat) ak prezidan chanm depite yo Gary Bodeau ( agoch) pandan yon seremoni nan Palè Nasyonal 17 septanm 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares
Premye mins Jean Henry Ceant (adwat) ak prezidan chanm depite yo Gary Bodeau ( agoch) pandan yon seremoni nan Palè Nasyonal 17 septanm 2018. Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares

" Monsye Prezidan,

Mwen fèk li nan Jounal "Le Monitur", No. 42 nan dat 21 mas 2019 la, nominasyon Misye Jean Michel Lapin kòm Premye Minis a.i. pou l likide afè kourant yo.

Mwen pran akt de sa. Pou m evite peyi a, ki tèlman bezwen lapè, yon enpas konstitisyonèl, mwen gen avantaj pou m remèt ou demisyon m kòm Premye Minis.

Desizyon sa a antre an aplikasyon depi nan dat mwen siyen lèt sa a.

Aksepte, Ekselans Misye Prezidan Repiblik la, ekspresyon respè pwofon mwen.

Patriyotikman:

(S): Mèt Jean-Henry Céant.

XS
SM
MD
LG