Accessibility links

Breaking News

Senatè Ameriken Marco Rubio (R-FL) ap Vizite Ayiti pou l Ankouraje Dyalòg


Senatè Marco Rubio (Foto: AP/J. Scott Applewhite, Dosye).
Senatè Marco Rubio (Foto: AP/J. Scott Applewhite, Dosye).

Daprè jounal Miami Hearld, Senatè ameriken Marco Rubio (yon Repibliken Eta Florid) prale ann Ayiti mekredi 20 mas 2019 la avèk entansyon pou l pase jounen an ap ankouraje dyalòg ant Prezidan Jovenel Moise ak lidè opozisyon yo k ap mande demisyon l.

Senatè Florid la --toujou daprè Miami Herald- ap fè vizit sa a an kalite de prezidan Sou-Komisyon Afè Emisferik Sena a. Jounal la site Madam Laura Ortiz, responsab ankèt sou politik etranjè ak pwogram rapwochman nan biwo Senatè Rubio nan Kongrè ameriken an, ki ajoute.

“Objektif vizit sa a se pou ankouraje dyalòg. Li klè Lèzetazini kontinye lanse apèl bay aktè yo pou mande yo angaje yo nan yon dyalòg; e se sa ki mesaj la.”

Misye Rubio, ki pa t sispann kritike Prezidan ayisyen an, Jovenel Moise, pou apui li pote bay Venezuela, mete yon soudin nan kritik li yo depi Ayiti te pote-kole avèk Lèzetazini pou rejte “lejitimite” Prezidan Nicolàs Maduro nan moman lidè konteste Venezuela a ta p pare pou l kòmande yon nouvo manda nan mwa janvye pase a; e Ayiti rete bò kote administrasyon Trump la ki rekonèt lidè pwovizwa a, Juan Guaidò, kòm prezidan lejitim peyi sid-ameriken an.

Vizit Senatè Ribio a nan Pòtoprens ap fèt nan moman Ayiti ap travèse pwòp kriz ekonomik e politik pa l. Nan jounen lendi 18 mas la, palmantè yo nan Chanm Bas la te vote pou yo revoke Premye Minis Jean Henry Céant avèk tou lè 21 manm kabinè ministeryèl la. Rezon depite yo bay, se “enkapasite chèf gouvènman an pou l amelyore kondisyon lavi Ayisyen yo k ap fè fas tout tan ak blackout nan mitan yon mank gaz, pri pwodui premye nesesite yo ki monte men wòtè, yon enflasyon 2 chif, mete sou yon defisi bidjetè ki monte rive 89 milyon 600 mil dola.

--------------------------------------------------------------

Sous: Miami Herald/Paj Entènèt Senatè Marco Rubio

XS
SM
MD
LG