Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Deplore Zak Vyolans yo ann Ayiti


Manifetan kap kouri devan yon barikad anflame nan Pòtoprens kote yap mande demisyon chèf leta a Jovenel Moïse.
Manifetan kap kouri devan yon barikad anflame nan Pòtoprens kote yap mande demisyon chèf leta a Jovenel Moïse.

Yon pòtpawòl biwo Depatman Deta pou afè emisfè oksidantal la di Lavwadlamerik:

"Nou apiye dwa tout moun genyen pou mande pou gouvènman peyi yo demokratik e transparan ak dwa pou yo mande lidè nan gouvènman peyi yo rann kont, men, pa gen okenn ekskiz pou vyolans. Vyolans debouche sou enstabilite, mwens envestisman, ak mwens travay.”

Deklarasyon sa a soti nan moman yon seri manifestasyon vyolan kontinye dewoule atravè peyi a pou yon 6èm jou san rete. Omwen, yo deja anrejistre yon mò pami viltim yo akote plizyè sèn piyaj nan komès moun ak machin sitwayen maniferstan yo kraze.

Madi swa, yon building ki loje konsial Anbasad Pewou ak biwo Anbasad Itali te sakaje. Korespondan Sèvis kreyòl Lavwadlamerik Mataido Vilemé ki te rive sou lye ensidan an kote li te obsève dega ak mak bal ak domaj mèb ak biwo nan lokal anbasad sa yo.

Manifestan pran lari prèske chak jou Ayiti, kòmanse depi jou kite 7 fevriye 2019 la pou mande demisyon Prezidan Jovenel Moise, yo rann responsab move kondisyon lavi popilasyon an.

Lèzetazini voye mete yo alèt 3 ki mande resòtisan ameriken yo reflechi byen reflechi anvan yo konside vwayaje ann Ayiti akoz krim kap komèt tribò babò ak manifistasyon ki pabab san rete ki kapab debouche sou vyolans.

XS
SM
MD
LG