Accessibility links

Breaking News

Liy Di Opozisyon an Lanse yon Manifestasyon Kont Pouvwa Moïse/Céant an pou 7 Fevriye


Ansyen Kandida laprezidans Jean-Charles Moise (agoch ) Pandan li te nan yon manifestasyon nan Pòtoprens. 22 janvye 2018. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares.)
Ansyen Kandida laprezidans Jean-Charles Moise (agoch ) Pandan li te nan yon manifestasyon nan Pòtoprens. 22 janvye 2018. (Foto: REUTERS/Andres Martinez Casares.)

Yon branch nan opozisyon an mete sou pye ak plizyè lòt òganizasyon nan sektè popilè a pou lanse yon manifestasyon 7 Fevriye k ap vini la a pou egzije demisyon prezidan Jovenel Moise.

Yon responsab wo plase ameriken te deklare sou Lavwadlamerik sa pa gen lontan:" eleksyon se sèl mwayen pou moun pran pouvwa a ann Ayiti. Branch opozisyon sa a refize patisipe nan dyalòg nasyonal la si prezidan Moise pa mete lèt demisyonn sou tab la-yon demand patizan ak prezidan Jovenel Moise rejte.

Prezidan Jovenel Moise bay premye Minis Jean Henry Ceant jiska 7 Fevriye pou l konvenk liy di opozisyon an vinn patisipe nan dyalòg nasyonal la k ap debouche sou siyati yon Pak de Gouvènabilite.

XS
SM
MD
LG