Accessibility links

Breaking News

Etazini Ankouraje Efò pou Kòmanse yon Dyalòg Serye sou Kriz Politik la ann Ayiti


Manifestan nan Pòtoprens kap mande demisyon Prezidan Jovenel Moise, 11 Fev 2019. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)
Manifestan nan Pòtoprens kap mande demisyon Prezidan Jovenel Moise, 11 Fev 2019. (Foto: AP/Dieu Nalio Chery)

Ayiti-Politik: Prezidan Jovenel Moise, ki te rankontre sou-sekretè deta afè politik Etazini David Hale, di li apresye disponibilite Etazini pou fasilite rechèch yon solisyon entè-ayisyen ak kriz sosyo-politik la. Lidè ayisyen an di rankont li te genyen ak anvwaye Etazini an te dewoule sou sitiyasyon peyi a.


Misye Hale sou bò pa l ankouraje gouvènman ayisyen an pou l devlope yon estrateji k ap dire lontan pou ranfòse enstitisyon yo, amelyore bòn gouvènans epi konbat koripsyon. Responsab afè politik la di Etazini ankouraje efò pou kòmanse yon dyalòg serye ak patisipasyon tout moun. Etazini ap tann òganizasyon eleksyon lejislativ ak lokal onèt ak transparans san vyolans ki fikse pou mwa oktòb 2019 la.


Anvwaye espesyal Etazini an rankontre ak lòt aktè yo ki enplikew nan kriz la. Opozisyon demokratik la te deziye yon senatè pou reprezante l nan rankont ak sou-sekretè deta afè politik Etazini an David Hale. Sepandan, malgre visit diplomat woplase Etazini an, opozisyon politik la kontinye mande demisyon Prezidan Jovenel Moïse. Mèt André Michel, manm sektè demokratik e popilè a di vizit Mesye Hale la pa pral chanje pozisyon yo. Opozisyon an vle manda prezisdan an sou tab negosyasyon yo.

XS
SM
MD
LG