Accessibility links

Breaking News

Reyaksyon Anbasad Lèzetazini sou Arestasyon 5 Ameriken ann Ayiti


Foto drapo Etazini.
Foto drapo Etazini.

Kòm reyaksyon ofisyèl gouvènman Lèzetazini an sou arestasyon 5 sitwayen ameriken pami 8 enkoni ki tonbe anba men lapolis ann Ayiti, Anbasad amerikèn nan nan Potoprens pibliye, nan jounen madi 19 fevriye 2019 la, yon nòt kote li di:

1.- Nou byen konprann ke Polis Nasyonal d Ayiti arête yon gwoup endividi, pami yo genyen kèk sitwayen ameriken.

2.- Lè yo poze arestasyon sitwayen ameriken a letranje, nou chache fè yo gen aksè ak konsil la osito ke posib e nou ofri yo asistans konsilè ki apwopriye a, jan Konvansyon Vyèn sou Relasyon Konsilè yo mande sa a.

3.- Akoz konsiderasyon sou vi prive moun, nou pa kapab fè plis kòmantè.

4.- Si moun ta genyen plis kesyon toujou sou arestasyon yo, nou mande yo kontakte Polis Nasyonal d Ayiti.

XS
SM
MD
LG