Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Prezidan Jovenel Moïse Pwomèt Mezi Ijan pou Konbat Ensekirite a


Lapolis ann Ayiti kap sekirize lari a pandan yon manifestasyon nan Pòtoprens. Foto: 12 septanm 2017. REUTERS/Andres Martinez Casares - RC1257215130
Lapolis ann Ayiti kap sekirize lari a pandan yon manifestasyon nan Pòtoprens. Foto: 12 septanm 2017. REUTERS/Andres Martinez Casares - RC1257215130

Nan yon nòt Prezidan ayisyen an Jovenel Moïse ekri sou kont Twitter li, li fè konnen nan yon rankont li te genyen ak reponsab sekirite yo li deja pase enstriksyon fòmèl pou yo pran mezi rapidman pou mete nan wòl yo bandi ame kap simen laterè e menase lapè nan peyi a.

Yè madi 16 avril 2019 la, kout zam tap tire sou Bisantnè nan zalantou lokal Palman an kote premye minis nome a Jean Michel Lapin tap fè depo pyès li nan chanm depite a. Kout zam ki tap tire yo nan sant vil Pòtoprens te rann li difisil pou sapè ponpye rive antre nan Kwabosal pou al etenn yon dife.

Premye minis nome Jean Michel Lapin ki tap pale ak laprès ansòtan l nan Plaman an fè konnen li te nan yon rankont ak CSPN nan ki se Konsèy Siperyè Polis Nasyonal la sou ensekirite a kap vale teren nan peyi a. Mesye Lapin di, frennen ensekirite a se youn nan priyorite gouvènman an.

XS
SM
MD
LG