Accessibility links

Breaking News

Depite Ameriken, Maxine Waters, Eksprime Kè Sote Devan Masak Bandi Ap Fè sou Popilasyon Sivil la Ann Ayiti


Depite Demokrat eta Kalifòni an, Maxine Waters, nan Capitol Hill, Washington, 23 mas 2017.
Depite Demokrat eta Kalifòni an, Maxine Waters, nan Capitol Hill, Washington, 23 mas 2017.

Depite eta Kalifòni a Maxine Waters ki t ap vizite Ayiti pou l evalye sitiyasyon peyi a rankontre laprès pou l deklare masak k ap fèt nan peyi a entolerab, enkonsevab e sa dwe sispann.

Depite a di li te choke lè l tande deklarasyon fanmi viktim yo rakonte asasinay ak bandi fè sou yo ak dife yo nan kay yo. Depite a, ki te nan tèt yon delegasyon sou envitasyon ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, mande Prezidan Jovenel Moise pou l chache konnen rezon e ki fason masak sa yo te fèt.

Depite Maxine Waters ansanm ak delegasyon an te vizite yon lopital gouvènman ameriken an finanse e k ap swaye moun k ap soufri ak viris ki bay maladi SIDA a.

XS
SM
MD
LG