Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: Nèg Ame Atake Kòtèj Anbasadè Chili a nan Pòtoprens


Moun ki reyini devan Anbasad Chili a nan Pòtoprens pou vin mande viza touris.
Moun ki reyini devan Anbasad Chili a nan Pòtoprens pou vin mande viza touris.

Nèg ame moun pa rive idantifye atake yon delegasyon ki te gen ladann anbasadè chilyen an Patricio Ultreras ansanm ak madanm li ak manb yon òganizasyon non-gouvènmantal chilyen, America Solidaria e reprezantan Direksyon Nasyonal Dlo Potab (DINEPA) nan moman yo t ap vizite yon pwojè foraj dlo tou pre vil Kwadèboukè.

Dapre nouvèl yo sanble nèg ame yo ta pran 10 moun an otaj nan lokalite a. Ministè afè etranjè ayisyen an voye yon nòt solidarite ak senpati bay anbasadè a. Prezidan Jovenel Moise telefone diplomat la pou l eksprime regrè l ak ensidan an. Otorite yo di y ap chache asayan yo.

Yon lòt kote, premye minis ai Jean Michel Lapin, apre yon reyinyon ak Konsey Siperyè Polis Nasyonal la, pwomèt yon klima sekirite nan jou k ap vini la yo tout kote nan peyi a.

Chèf gouvènman ai a mande pou ni anplwaye leta ak sektè prive a prezante nan travay yo vandredi 29 mas la nan okazyon manifestasyon opozisyon an lanse pou mande demisyon Prezidan Jovenel Moise sou pouvwa a.

Misye Lapin rekonèt se dwa tout moun pou yo manifeste men tou yo dwe respekte dwa lòt sitwayen e evite kraze brize. Lapolis mobilize pou l garanti sekirite tout moun i konpri manifestan yo, dapre premye minis pwovizwa Lapin.

XS
SM
MD
LG