Accessibility links

Breaking News

Misyon Nasyon Zini an nan Pòtoprens Selebre Jounen Entènasyonal Volontarya a ann Ayiti


Nan yon nouvèl ki parèt sou paj entènèt Radyo Metwopòl (Radio Métropole) konsènan Misyon Nasyon Zini nan Peyi d Ayiti, radyo pale de pwogram misyon an te mete sou pye pou l make Jounen Entènasyal Volontarya a, ki se 5 desanm chak ane.

<< Nan okazyon komemorasyon Jounen Entènasyonal Volontè yo nan dat 5 desanm pase a, sistèm Nasyonzini ann Ayiti te atire atansyon sou kontribisyon plis pase 17 000 (17 mil) volontè ki te aktif nan Peyi d Ayiti pandan ane 2018 la.

Nan kèk domèn-kle –tankou prevansyon ak repons pou katastwòf natirèl, pou apiye efò otorite yo ak òganizasyopn ayisyen yo- volontè yo te pote konkou yo nan reyalizasyon Objektif Devlopman Dirab yo (ODD), daprè yon kominike ki sòti nan MINUJUSTH ou Misyon Nasyon Zini pou Apiye Jistis ann Ayiti.

Gwoup volontè nasyonal ak entènasyonal sa yo genyen pami yo, antwòt, manm komite desantralize pou jesyon risk ak dezas, brigadye volontè Direksyon Jeneral Pwoteksyon Sivil la (DPC), Kwa Wouj Ayisyèn, Skout d Ayiti, Rezo pou Pwomosyon Volontarya ak Volontè Nasyon Zini yo.


Si se ayisyen pou pi fò ki fòme gwoup la, li gen ladan n tou 14 lòt nasyonalite. Volontè yo travay nan lòt domèn-kle pou ranfòsman devlopman ak rezistans popilasyon an devan katastwòf -domèn tankou edikasyon sivik, dwamoun, sekirite manje, pwomosyon egalite ant fanm ak gason, pwoteksyon timoun, anviwonnman avèk eta-de-dwa.


Misyon l’ONU an raple wòl volontè yo ap jwe a se yon wòl ki enpòtan anpil pou sove lavi moun lè gen nesesite pou fè anpil sitwayen deplase anvan yon siklòn; se menm bagay la tou pou domèn tankou repons dijans, netwayaj wout yo, distribisyon asistans ak efò pou ede moun ki nan abri yo.

Nan kad komemorasyon Jounen Entènasyonal Volontarya a, te gen anpil aktivite sou pwogram nan, tankou konferans-deba avèk volontè yo, aktivite kiltirèl avèk atalye ki te santre sitou sou sijè tankou prevansyon risk ak dezas, jesyon anviwonnman an, wòl volontarya nan lasosyete epi plan pou ede jenn yo aprann yon pwofesyon oubyen antre nan youn.
Aktivite sa yo te dewoule an kowoperasyon avèk otorite nasyonal ak lokal yo, san bliye òganizasyon sosyete sivil la, nan Depatman Nò, Lwès ak Latibonit. >>


LLM / radio Métropole Haïti

XS
SM
MD
LG