Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Sekirite: 5 Moun Mouri e Plizyè Lòt Blese Anba Bal Bandi Ame nan Kafou Fèy


Yon manm gang kap manche nan Pòtoprens apre l fin antre nan lese frape ak militè Nasyon Zini yo. Foto Achiv: 22 desanm 2006. Nan yon operasyon kote omwen 9 moun pou pipiti te pèdi lavi yo. REUTERS/Eduardo Munoz)
Yon manm gang kap manche nan Pòtoprens apre l fin antre nan lese frape ak militè Nasyon Zini yo. Foto Achiv: 22 desanm 2006. Nan yon operasyon kote omwen 9 moun pou pipiti te pèdi lavi yo. REUTERS/Eduardo Munoz)

5 moun mouri pou pipiti ak plizyè lòt blese nan zòn Kafou fèy, pi presizeman nan enpas Eddy lè yon gwoup nèg ame ki te gen alatèt yon chèf gang yo konnen sou non Tije te debake kote yo tap chache 2 polisye selon temwayaj laprès resevwa e ki fè konnen gwoup gang nan te ame jisko dan ak gwo zam de gè nan men yo.

Gwoup ame ki te soti nan zòn Savann Pistach te kreye panik kote yo tap tire sou moun kap pase. Omwen 5 kretyen vivan pèdi lavi yo anba bal bandi yo e plizyè lòt soti blese. Asayan yo rive pran lafuit avan entèvansyon lapolis ki li menm poko bay okenn detay sou ensidan an. Sepandan, Komisè gouvènman Pòtoprens la Eronce Villard konfime fiziyad la.

Aktivite gang ame ak gwo zam fannfwa nan plizyè katye nan kapital la, Pòtoprens kontinye domine aktyalite a nan peyi a. Lapolis sanble lanse plizyè operasyon pou deloje gang sa yo ki toujou ap fè lachas dèyè manm enstitisyon polisyè a ke gang yo konsidere kòm prensipal sib yo. Plizyè polisye ak moun nan popilasyon sivil la deja tonbe anba bal bandi ame atravè peyi a.

XS
SM
MD
LG