Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Premye Minis Nome a Jean Michel Lapin Espere Palman an Pap Pran Anpil Tan pou Ratifye l


Prezidan aysiyen an Jovenel Moise (adwat) ki kanpe kot a kòt ak premye minis nome a Jean Michel Lapin (agoch) nan Palè Nasyonal. 21 mas 2019.
Prezidan aysiyen an Jovenel Moise (adwat) ki kanpe kot a kòt ak premye minis nome a Jean Michel Lapin (agoch) nan Palè Nasyonal. 21 mas 2019.

Premye Minis nome an, Jean Michel Lapin espere palman an pap pran twòp tan pou mande l vin prezante politik jeneral li. Mesye Lapin ak manm gouvènman an gen anpil defi k ap tann yo.

Pami defi sa yo se nèg ame k ap kontwole plizyè katye nan kapital la Pòtoprens ak vil pwovens yo. Premye minis nome Lapin te di nan Laprès rezoud pwoblèm sekirite a se youn nan priyorite gouvènman li an.

Plizyè palmantè, senatè kou depite te trè kritik anvè chwa Mesye Lapin an kòm pwochen premye minis peyi a pou vin ranplase Mèt Jean Henry Céant ki te oblije bay demisyion l apre gouvènman li an te fin sibi yon vòt sansi nan chanm depite yo. Palmantè kap kritike chwa Jean Michel Lapin an fè kwè premye minis nome a se manm yon gouvènman sansire.

Prezidan Jovenel Moïse te nome Jean Michel Lapin ki se te minis kilti nan gouvènman Jean Henry Céant an. Lòt kritik kwè Jean Michel Lapin se yon nonm ki kalifye pou djòb premye minis la men tout fwa fè kwè sitèm politik peyi a pap pèmèt li rive chanje kondisyon sosyo-politik la, tankou depite Printemps Belizaire, yon manm opozisyon politik la di sa a nan mikwo Lavwadlamerik. Senatè Youri Latortue ki tap reyaji sou chwa Jean Michel Lapin an di peyi a gen yon pwoblèm premye minis.

Sepandan, absans yon premye minis pèmanan ak yon bidjè fiskal 2018-2019 sou fonksyonman leta a vin ralanti pwosesis pou siyati definitif yon fon 229 milyon dola Fon Monetè Entènasyonal, FMI, pwomèt Ayiti. Prezidan Chanm depite a Gary Bodeau ak Gouvènè Bank santral la, Jean Baden Dubois ki te rankontre ak responsab FMI yo nan Wahington mande yon delè jisko mwa jen pou Ayiti gen yon premye minis ak yon bidjè.

XS
SM
MD
LG