Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Jij Bredy Fabien Pa Jwenn Prezidan Jovenel Moise Koupab pou Blanchiman Lajan


 Prezidan ayisyen an Jovenel Moise. Foto achiv: 3 desanm 2018.
Prezidan ayisyen an Jovenel Moise. Foto achiv: 3 desanm 2018.

Ann Ayiti: Jij enstriksyon Bredy Fabien rann yon òdonans non-lye ki pa jwenn Prezidan Jovenel Moise koupab pou "Blanchiman Lajan." Medya ann Ayiti ki rapòte nouvèl la site deklarasyon komisè gouvènman Pòtoprens la, Paul Eronse Vilard, ki di jij la fè l konnen li pa gen ase prèv pou l pouswiv prezidan an an jistis.

Sepandan, avoka pati sivil la, mèt Ernest Bolivar, di li prale ann apèl ak desizyon jij enstriksyon an e li pral mande yon deba piblik ak prezans prezidan an. Mèt Andre Michel, yon manm opozisyon an, pa dakò ak desizyon jij enstriksyon an tou.

Prezidan Jovenel Moise pa janm sispann denonse aksyon an jistis la kòm yon mwayen pou nwi l sou pouvwa a.

XS
SM
MD
LG