Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal Bloke Administrasyon Trump pou l Pa Mete Fen nan TPS pou Ayisyen yo


Manifestasyon devan Kongrè anfavè imigran benefisyè pwogram DACA ak TPS yo. Foto achiv 15 out 2017.
Manifestasyon devan Kongrè anfavè imigran benefisyè pwogram DACA ak TPS yo. Foto achiv 15 out 2017.

Jij tribinal federal nan New York, William F Kuntz, bloke administrasyon Donald Trump la pou l pa mete fen nan Pwogram Estati Pwoteksyon Tanporè ( TPS) pou ayisyen yo.

Se plizyè dizèn milye ayisyen ki benefisye pwogram sa a depi tranblemanntè 12 janvye 2010 la. Se yon group ayisyen nan eta New York ak Florid ki te depoze plent kont administrasyon ameriken an.

Sa pa gen lontan administrasyon an te pwolonje pwogram TPS pou ayisyen yo jiska janvye 2020 ki te dwe fini 22 jiyè 2019. Mwa Oktòb pase a yon jij federal nan Kalifòni te bloke administrasyon an tanporèman pou l pat mete fen nan pwogram TPS la pou Ayiti, Nikaragwa, El Salvador ak Soudan.

XS
SM
MD
LG