Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Otorite yo Demanti Nouvèl Kòmkwa Bandi Ame Ta Boule yon Komisarya nan Latibonit


Police nan Pòtoprens kap mennen operasyon kont endividi ki tap tire wòch pandan yon manifestasyon anti-gouvènman nan Pòtoprens. Foro achiv: 18 novanm 2013.
Police nan Pòtoprens kap mennen operasyon kont endividi ki tap tire wòch pandan yon manifestasyon anti-gouvènman nan Pòtoprens. Foro achiv: 18 novanm 2013.

Ministè jistis ak sekirite piblik pibliye yon kominike kote li demanti nouvèl ki fè konprann nèg ame boule yon komisarya nan Ti Rivyè Latibonit. Nan nòt la, ministè a rekonèt nèg ame te atake yon sou-komisarya, men fòs de lòd yo te repouse asayan yo.

2 moun otorite yo konsidere kòm bandi mouri pandan konfwontasyon an ki dewoule apre atak la ki fèt nan fen semen nan; yon enspektè polis blese. Atakan yo boule 2 machin fòs de lòd yo.'

Semèn pase a, medya yo ann Ayiti rapòte yon inite espesyalize polis nasyonal la te antre nan konfwontasyon ak yon band ame ki gen alatèt li Anèl, yon jèn gason fòs de lòd yo di yap chache paske lap mennen aktivite gang nan zòn Matisan nan Pòtoprens.

Anpil moun gen gwo kè sote sou fenomèn ensekirite a ann Ayiti kote bandi yo ap fè lachas o polisye ki se prensipal sib yo san konte popilasyon sivil la --ki ozabwa anba atak nèg ame --e ki li menm konte sou PNH la ki se sèl enstitisyon ki la pou ganranti sekirite yo. Medya an Ayiti rapòte plizyè operasyon kote fòs de lòd yo ap mache mete men sou bandi ame atravè peyi a.

Akoz Ensekrite a, Ayiti sou Nivo 4 ak Koulè Wouj Alèt Etazini sou Avi de Vwayaj

Akoz fenomèn ensekirite a, Depatman deta ameriken mande sitwayen ameriken pou pa vwayaje ann Ayiti. Otorite amerikèn yo fè konnen kidnapin pami lòt rezon ki fè yo pran desizyon sa a. Nivo 4 sa a se nivo ki pi elve ak koulè wouj nan avi vwayaj Depatman Deta ameriken an mete sou Ayiti ak 3 lèt C pou krim, U pou vyolans, enstabilite ak manifestasyon epi K pou kidnapin.

Nan mwa novanm 2018 pase a Depatman Deta Ameriken te fè konnen, "Moun ki vle ale nan peyi Dayiti ta dwe reflechi byen reflechi anvan yo fè vwayaj sa a akoz manisfestasyon enprevizib kap dewoule tanzantan nan kapital la, Pòtoprens ansanm ak kèk lòt vil nan peyi a.

XS
SM
MD
LG