Accessibility links

Breaking News

Sou-Sekretè Deta Adjwen Cindy Kierscht Rankontre ak Plizyè Lidè nan Klas Politik ann Ayiti


Sou-Sekretè Deta Adjwen pou Ayiti, Kanada ak Karayib la Cindy Kierscht ak plizyè lidè nan klas politik la ann Ayiti. Foto: Paj Twitter Anbasad Etazini ann Ayiti.
Sou-Sekretè Deta Adjwen pou Ayiti, Kanada ak Karayib la Cindy Kierscht ak plizyè lidè nan klas politik la ann Ayiti. Foto: Paj Twitter Anbasad Etazini ann Ayiti.

Reprezantan plizyè pati politik ak manm sosyete sivil la rankontre Sou-Sekretè Deta Adjwen pou Ayiti, Kanada ak Karayib la, Cindy Kierscht, pou diskite efò ki dwe kontinye fèt pou ranfòse eta de dwa ak bòn gouvènans peyi Dayiti.

Patisipan yo diskite kesyon ki gen pou wè ak lit kont koripsyon pou gen estabilite politik ak ekonomik nan peyi a. Diplomat la deja rankontre Prezidan Jovenel Moise ak prezidan 2 chanm yo Carl Murat Cantave ak Gary Bodeau pou l pale de kwasans ekonomik ak òganizasyon pwochen eleksyon lejislatif ak lokal yo ki ta dwe dewoule nan fen ane a.

Madam Kierscht rankontre ak Direktè Polis Nasyonal la Michel-Ange Gédéon ansanm ak yon gwoup jèn ki tap poze kesyon sou ensekirite a nan peyi a ak vyolans gang ame ak gwo sam ap fè nan plizyè katye popilè.

XS
SM
MD
LG