Accessibility links

Breaking News

Reprezantan Ministè Piblik nan Dosye Zam Senmak la Di Lajistis Pa Gen Prèv Kont Godson Orelus


Foto Ansyen Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a Godson Orelus ki chita (adwat) Sandra Thélusma, ki se 2 akize nan dosye zamn Senmank la.
Foto Ansyen Direktè Jeneral Polis Nasyonal Dayiti a Godson Orelus ki chita (adwat) Sandra Thélusma, ki se 2 akize nan dosye zamn Senmank la.

Reprezantan ministè piblik nan pwosè ki opoze Ex DG PNH la ak leta ayisyen nan dosye kagezon zam yo te sezi nan dwan Senmak la ki nan kou dapèl Gonayiv mande pou jij yo retire ansyen direktè general polis la, Godson Orélus, Reginald Delva, Vladimir Paraison ak Sandra Thélusma akoz pa gen endis pou pouswiv enkilpe sa yo.

Komisè Gouvènman kou dapèl la Mèt Yves Martial ki tap rann konklizyonl madi 9 avril 2019 la sou dosye a mande pou kou dapèl Gonayiv pouswiv tout lòt moun ki enkilpe nan dosye a akoz gen ase endis ki montre yo enplike nan dosye trafik ilegal transnasyonal zam afe , blanchiman lajan, asosyasyon malfektè elatriye.

Otorite jidisyè yo gen pou pran yon arè definitif sou dosye a.
Prezidan tribinal kriminel Gonayiv la Mèt Denis Pierre Michel fikse dènyè odyans nan kad pwosè Clifford Brandt ak akolit li yo pou madi 30 avril pwochen.

XS
SM
MD
LG