Accessibility links

Breaking News

Dosye Godson Orelus; Reyaksyon Responsab RNDDH, yon Oganizasyon Dwa Zimen


Foto zam yo te sezi ann Ayiti yo
Foto zam yo te sezi ann Ayiti yo

Responsab òganizasyon kap defann dwa moun ann Ayiti, RNDDH, Pierre Esperance, dekare lajistis te ka sèlman kenbe paspò ansyen direktè PNH la, Godson Orelus, ki deja ap kolabore avek lajistis sou dosye kontenè zanm nan.

Pierre Esperance di se premye moun lajistis ayisyèn arete nan dosye sa a; pandanstan, lajistis amerikèn deja arete 2 sispèk, responsab konpayi sekirite ki te mande otorizasyon pou achte zam Ozetazini pou enpòte yo ann Ayiti.

Dapre enfòmsyon ki pibliye nan jounal Le Nouvelliste, Godson Orelus alepòk DG Polis Nasyonal, te otorize konpayi an kesyon an Global Dynasty Security Corps SA, achte 50 pistolè 9 milimèt nan kad fonksyonman li pou vann sèvis sekirite ann Ayiti.

Pandan wikenn pase a, yon delagsyon wo grade nan lapolis la te al pote soutyen yo bay frè dam yo ki anprizonye nan Sen Mak sou lod jij denstriksyon Lumeran Dieunel.

Akizasyon jij la mete sou do ansyen DGPNH la se trafik ilegal zam, asosyasyon malfektè pou n site sa yo sèlman. Jij Dieunel ta repwoche ansyen DGPNH la dèske li otorize yon konpayi ki pa eksziste fisikman achte zam.

Madanm ansyen DGPNH Gordon Orelus ki tap reyaji nan mikwo radyo Scoop FM defann mari li li di ki inonsan nan dosye sa a. Eke mesye Orelus se yon bon sitwayen ki fè anpil sakrifis pou peyi l.

XS
SM
MD
LG