Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Endividi Non Idantifye Tire sou Kay Jij Kap Mennen Ankèt Dosye Zam Ilegal nan Sen Mak la


Atak Bandi Ame Fè sou Kay Jij Dieunel Lumerant nan Sen Mak
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:02 0:00

Ayiti-Jistis: Bandi moun pa rive idantifye ouvè kout zam sou rezidans prive jij d'enstriksyon Mèt Dieunel Lumerant, nan lan nwit jedi 29 pou leve vandredi 30 novanb 2018 la, nan komin Sen Mak dapre Korespondan VOA Racine Junior.
Bandi yo te atake chanm kote majistra ap dòmi.

Lavwadlamerik konstate fenèt nan chanm majistra a ak verikil leta resevwa plizye katouch. Mèt Dieunel Lumerant se jij kap travay sou dosye kontenè zanm kite rantre nan vil Sen Mak la nan ane 2016.

Sou menm dosye konntenè zam sa a, ansyen Direktè genaral polis, Godson Orelus, twouve li an detansyon sou lòt jij d' enstriksyon Lumerant. Yon lòt dirijan nan polis, ansyen chèf polis depatman Lwès e kwodonatè Inite Sekirite Palè Nasyonal, Vladimir Pareison, gen non li site nan dosye nan ankèt la.

Nan yon mesaj sou kont Twiter ansyen DDO a, moun kapab li kote li di, "Kabinè avoka mwen rekize Jij Lumerant nan tribinal Kasasyon." Sepandan, lòt nouvèl ki soti ann ayiti fè kwè tou Palè Nasyonal ta revoke Komisè Divizyonè Andre Jonas Vladimir Paraison.

XS
SM
MD
LG