Accessibility links

Breaking News

Ayiti-Jistis: Ansyen Minis Reginald Delva Enkilpe nan Kabinè Denstriskyon pou Enpòtasyon Zam Ilegal


Senbòl lajistis
Senbòl lajistis

Jij enstriksyon Jean Wilner Morin enkilpe ansyen Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la Reginald Delva pou enpòtasyon zam ilegal ak asosyasyon malfektè. Sepandan, ansyen minis la di li sezi tande desizyon jij la etan done li pat janm reponn kesyon otorite jidisyè yo sou enpòtasyon zam nan peyi a an septanm 2016.

Mesye Delva di li pat minis enteryè ankò lè otorite dwanye yo te sezi kagezon zam nan. Pou lemoman, ansyen Direktè Polis Nasyonal Godson Orelus fèmen nan prizon sivil vil Sen Mak sou lod jij denstriksyon Lumeran Dieunel ki repwoche pou l pou trafik ilegal zam ak asosyasyon malfektè.

Dapre nouvèl ki tap sikile nan medya yo ann Ayiti, Godson Orelus, DG Polis Nasyonal la alepòk, te otorize konpayi an kesyon Global Dynasty Security Corps SA, achte 50 pistolè 9 milimèt nan kad fonksyonman li pou vann sèvis sekirite ann Ayiti.

Sepandan, Madanm ansyen DGPNH Gordon Orelus ki tap reyaji nan mikwo radyo Scoop FM defann mari li li di ki inonsan nan dosye sa a. Eke mesye Orelus se yon bon sitwayen ki fè anpil sakrifis pou peyi l.

XS
SM
MD
LG