Accessibility links

Breaking News

Ayiti: Kèk Majistra Fanm Prezante Bay Reprezantan Enstiti Demokratik Nasyonal, NDI, 3 Pwojè ki Bezwen Finansman


Responsab Enstiti Demokratik Nasyonal , NDI
Responsab Enstiti Demokratik Nasyonal , NDI

National Democratik Institute òganize yon rankont ak 12 majistra fanm ansanm ak kèk palmantè, e ak manm sektè prive a. Majistra fanm yo te gen pou prezante 3 pwojè yo ta renmen jwenn finansman pou asiste popilasyon an.


Pati Fanmi Lavalas ajoute vwa l pami group nan opozisyon an k ap mande demisyon pouvwa an plas la. Selon doktè Maryse Narcisse, responsab komite egzekitif pati a dat 18 Novanm nan se dat pou chavire chodyè a pandan li mande popilasyon an mobilize pou deboulonnen ekip ki sou pouvwa a. Sipòtè pouvwa a di eleksyon se sèl mwayen pou moun pran pouvwa a e non pa dechoukaj.

Nèg ame simen latèrè nan Lasalin yon bidonvil nan kapital kote nouvèl yo rapòte plizyè moun mouri pami nèg ame yo. Medya yo rapòte youn nan rezon dèt lese frape ame sa a se group k ap chache kontwole mache Kwabosal pou fè komèsan yo peye yo taks.

Jij enstriksyon Jean Wilner Morin enkilpe ansyen Minis Enteryè ak Kolektivite Teritoryal la Reginald Delva pou enpòtasyon za m ilegal ak asosyasyon malfektè. Ansyen Minis la di li sezi tande desizyon jij la etan done li pat janm reponn kesyon otorite jidisyè yo sou enpòtasyon za m nan peyi a an Septanm 2016. Msye Delva di li pat minis enteryè ankò lè otorite dwanye yo te sezi kagezon za m nan. Ansyen Direktè Polis Nasyonal la Godson Orelus fèmen nan prizon sivil vil Sen Mak la sou menm akizasyon an.

Unite de Lutte Contre La Corruption (ULCC) mande komisè gouvènman Pòtoprens la pou l mete aksyon piblik an Mouvman kont ansyen Minis Afè Sosyal ak Travail Roosevelt Bellevue, chèf kabinè li a,, administratè ministè a nan epòk la ak 7 responsab 6 antrepriz pour sufakturasyon kit eskolè ak pasasyon mache ilegal.

XS
SM
MD
LG