Accessibility links

Breaking News

Atis BTS Jungkook se Nouvo Anbasadè Global Calvin Klein


Atis K-Pop Jungkook, ki se manm gwoup BTS la pandan yon rankont nan Lamezonblanch, Washington, Madi 31 Mas, 2022.
Atis K-Pop Jungkook, ki se manm gwoup BTS la pandan yon rankont nan Lamezonblanch, Washington, Madi 31 Mas, 2022.

Atis K-Pop Jungkook ki se manm gwoup popilè BTS se nouvo anbasadè global midis Ameriken Calvin Klein.

Jungkook ap rejwenn vedèt tankou aktè Michael B. Jordan ak atis FKA Twigs ki se anbasadè global Calvin Klein tou.

Apre li lage yon brib videyo 27 Mas, Calvin Klein te pataje nouvèl sou nouvo kolaborasyon an sou rezo sosyal yo ansanm ak yon videyo ak imaj vedèt BTS la ki gen sou li pantalon abako Calvin Klein ak yon jakèt abako, jodi 28 Mas la.

Calvin Klein se dènye nan yon seri modis kap pwofite popilarite atis K-Pop yo pou yo atire jèn kliyan.

Jungkook ki gen 25 an, vre non li se Jeon Jungkook, se manm pi jèn gwoup BTS la ki gen 7 manm. Yo se premye gwoup Sid Koreyen ki janm ranpòte yon nominasyon pou yon pri Grammy. Septèt la ranpòte pri Atis Global Ane IFPI a, an 2020 ak 2021.

Calvin Klein siyen kontra tou ak kèk lòt vedèt Sid Koreyen pami yo Jennie, ki se manm gwoup feminen BLACKPINK la, epi aktris ak modèl Jung HoYeon, ki te ranpòte renome pou pèfòmans li pou seri televize Netflix ki rele "Squid Game" lan.

XS
SM
MD
LG