Accessibility links

Breaking News

Mezon Mòd Italyen Valentino Nomen Rapè BTS Suga Anbasadè Global li


Atis gwoup BTS Suga asiste yon match NBA ant Los Angeles Lakers ak Dallas Mavericks, 12 Janvye 2023.
Atis gwoup BTS Suga asiste yon match NBA ant Los Angeles Lakers ak Dallas Mavericks, 12 Janvye 2023.

Mezon Mod Italyen Valentino anonse li chwazi rapè gwoup K-pop BTS Suga kòm nouvo anbasadè global li.

Suga rejwenn gwoup anbasadè Valentino yo ke yo rele Di.VAs - kivledi Different Values (prensip diferan).

Anons la vini apre kontra BTS te genyen ak Louis Vuitton pran fen.

Mason Valentino anonse nouvèl la tou sou kont ofisyèl Twitter li.

Dirkete Kreyativ Valentino a, Pierpaolo Piccioli dekri Suga tankou yon atis ki gen plizyè talan, e ki eksprime tèt li ak enèji ak otantisite. Li ajoute ke Suga "reprezante pafètman tout sa DI.VA.s yo reprezante: divèsite, enklizivite, kreyativite ak pasyon."

Nan deklarasyon li pibliye sou nouvo wol li kom anbasadè pou Valentino, Suga di mezon mòd la apiye divèsite ki se yon bagay li kwè anpil ladann tou."

Suga pral parèt nan kanpay piblisite Maison Valentino Essentials la ki se yon koleksyon rad pou gason.

Manm BTS Suga (mitan) asiste yon match NBA basketbol ant Los Angeles Lakers ak Dallas Mavericks Jedi 12 Janvye 2023 nan Los Angeles.
Manm BTS Suga (mitan) asiste yon match NBA basketbol ant Los Angeles Lakers ak Dallas Mavericks Jedi 12 Janvye 2023 nan Los Angeles.

Moun te ka wè Suga abiye ak rad Valentino semèn pase a lè li te asiste yon match basketbòl ekip Lakers kont Mavericks nan vil Los Angeles.

Suga se pa sèl manm BTS ki anbasadè global pou mezon mòd.

Semèn sa a mezon mod Franse Dior te anonse atis Jimin (Park Ji-min) pral reprezante li kòm anbasadè global.

XS
SM
MD
LG