Accessibility links

Breaking News

Dokimantè Vedèt BTS J-Hope la ap Soti Vandredi


Foto Achiv: J-Hope pandan spektak lavey joudlan an nan Times Square, Nouyok, 31 Desanm, 2022.
Foto Achiv: J-Hope pandan spektak lavey joudlan an nan Times Square, Nouyok, 31 Desanm, 2022.

Vedèt BTS J-Hope gen yon dokimantè ki pral pibliye Vandredi ki rakonte 3 gwo istwa: anrejistreman premye albom solo misye "Jack In the Box", pèfòmans li nan festival Lollapalooza a an 2022 kote li te premye atis Sid Koreyen ki te pami prensipal atis evenman mizikal la epi fèt li te òganize pou koute nouvo albòm ni.

Fanatik yo toupatou nan mond lan ap kapab wè "J-Hope in the Box" sou rezo Disney + la.

J-Hope - vre non li se Jeong Hoseok - pran yon vakans kòm manm BTS la - pandan ke rès manm gwoup la - RM, Jin, Suga, Jimin, V ak Jung Kook - ap pare pou yo fè sèvis militè mandatwa yo nan Kore di Sid.

XS
SM
MD
LG