Accessibility links

Breaking News

Ajans Elektoral Brezilyen an Rejte Tantativ Bolsonaro Pou Anile Bilten Vòt yo


Foto Achiv: Anplwaye Kou Elektoral la travay sou denye etap sele machin elektwonik pou vote yo kom preparasyon pou dezyem tou eleksyon an nan Brasilia, 19 Oktob, 2022.
Foto Achiv: Anplwaye Kou Elektoral la travay sou denye etap sele machin elektwonik pou vote yo kom preparasyon pou dezyem tou eleksyon an nan Brasilia, 19 Oktob, 2022.

Direktè otorite elektoral Brezil la rejte yon demann Prezidan Jair Bolsonaro fè pou anile bilten vot ki fèt atravè pi fò machin elektwonik yo. Yon desizyon konsa ta ranvèse rezilta eleksyon 30 Oktòb la. Bolsonaro se manm pati Liberal la.

Prezidan an mande tou, pou yo sispann finansman leta bay kowalisyon Pati Liberal la jiskaske li peye yon amann $44,3 milyon pou yon pwosè li tanmen ak movèz fwa.

De Moraes te pase yon lòd konsa anvan sou kondisyon yo te revize demann nan, epi fè amandman nan rapò sou premye tou eleksyon an ki te dewoule 2 Oktòb. Nan premye tou a, pati Bolsonaro te ranpòte plis syèj nan tou le 2 chanm palman an pase tout lòt pati yo. Li di fòk revizyon sa a fèt nan 24 hè.

XS
SM
MD
LG