Accessibility links

Breaking News

Bolsonaro di Se Pwoblèm Lojisyèl ki Lakoz Li Pèdi Eleksyon an


Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro pran la pawol nan rezidans ofisyel li Pale Alvorada, nan vil Brasilia, Brezil, 1 Nov. 2022.
Prezidan Brezilyen Jair Bolsonaro pran la pawol nan rezidans ofisyel li Pale Alvorada, nan vil Brasilia, Brezil, 1 Nov. 2022.

Plis pase 3 semèn apre li fin pèdi yon eleksyon kote li t ap chache yon 2èm manda, Prezidan Jair Bolsonaro deklare madi se yon pwoblèm nan lojisyèl ki lakoz li pèdi, e li ekzije pou responsab eleksyon yo anile vòt nan pifò machin elektwonik yo nan Brezil, malgre gen ekspè endepandan ki di pwoblèm lojisyèl la pa afekte rezilta yo.

Yon aksyon konsa ta kite Bolsonaro ak 51 pousan vòt ki bon yo – ak yon viktwa, se sa avoka li Marcelo Bessa, di jounalis yo apre li fin soumèt yon demand 33 paj nan non prezidan an ak pati li a, Pati Liberal la.

Responsab eleksyon yo deja deklare viktwa pou advèsè Bolsonaro a, ansyen Prezidan Luiz Ignacio da Silva, e menm anpil nan alye prezidan an yo aksepte rezilta yo. Manifestan nan vil yo nan tout peyi a kanpe tennfas pou refize fè menm jan an, sitou akoz Bolsonaro ki pa vle rekonèt defèt li.

XS
SM
MD
LG