Accessibility links

Breaking News

Nouvo Gouvènman Brezilyen an Pap Bay Ayiti Asistans Militè, Dapre Otorite yo


Prezidan-eli Brezil la Luiz Inacio Lula da Silva salye moun nan moman li rive nan rankont o some sou chanjman klimatik la, COP27 kap dewoule nan Sharm el-Sheikh, Ejipt, 16 Nov. 2022.
Prezidan-eli Brezil la Luiz Inacio Lula da Silva salye moun nan moman li rive nan rankont o some sou chanjman klimatik la, COP27 kap dewoule nan Sharm el-Sheikh, Ejipt, 16 Nov. 2022.

Gen 2 responsab Brezilyen ki di Reuters pa gen anpil chans pou nouvo gouvènman Brezilyen an bay Ayiti asistans militè malgre apèl peyi a lanse pou yon fòs entènasyonal vinn ede'l konfwonte gang yo. Responsab yo fè remake entèvansyon militè ki te fèt anvan yo pat bay okenn rezilta.

Mwa pase a, Nasyonzini te diskite sou posibilite pou yo ta voye yon fòs entèvansyon an Ayiti pou ede relouvri tèminal petwòl gang yo te bloke a. Lapolis te reprann kontwòl tèminal la mwa sa a epi distribisyon petwòl le reprann. Sepandan kidnaping ak zak vyolans gang yo ap kontinye, nan moman yap goumen pou kontwòl plis teritwa.

Celso Amorim, konseye politik etranjè Prezidan-eli Luiz Inacio Lula da Silva a di: "Nempòt ki patisipasyon Brezilyen tap difisil anski konsène yon fòs milinasyonal an jeneral."

Da Silva pral pran pouvwa a nan Brezil, 1 Janvye.

XS
SM
MD
LG