Accessibility links

Breaking News

Lapolis Kanada Arete yon Nèg nan Kad yon Konplo pou Ranvèse Gouvènman Ayiti


Yon miray ki gen foto defun Prezidan Jovenel Moise sou li nan Kenscoff, Ayiti, 21 Jiye, 2021.
Yon miray ki gen foto defun Prezidan Jovenel Moise sou li nan Kenscoff, Ayiti, 21 Jiye, 2021.

Otorite yo di yo akize yon Kanadyen dèske li te planifye yon atak teworis pou ranvèse gouvenman defen Prezidan Jovenel Moise la.

Lapolis Kanadyen nan Quebec deklare Jedi Gerald Nicolas, 51 an pral konparèt devan tribinal vil Quebec la 1 Desanm kote li va fè fas ak 3 akizasyon ki gen rapò ak teworism.

Lajistis akize Nicolas dèske li kite Kanada pou'l fasilite yon aktivite teworis, e ke li te founi pwopriyete pou yon zak teworis fèt.

Lapolis di ankèt yo pa lye ak asasina Moise la an 2021.

Lapolis akize Nicolas, ki se moun Levis, Quebec, dèske li tap konplote yon revolizyon ak zam an Ayiti epi apre sa li tapral sezi pouvwa a.

XS
SM
MD
LG