Accessibility links

Breaking News

Kanada Pral Enpoze Plis Sanksyon Kont Politisyen Ayisyen yo


Minis Afe Etranje Kanadyen Melanie Joly ak Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken, pandan yon konferans pou lapres nan Ottawa, Ontario, Kanada, 27 Oktob 2022.
Minis Afe Etranje Kanadyen Melanie Joly ak Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken, pandan yon konferans pou lapres nan Ottawa, Ontario, Kanada, 27 Oktob 2022.

Kanada pral enpoze plis sanksyon kont politisyen Ayisyen yo dapre sa minis afè etranje peyi a di Vandredi. Li akize politisyen yo dèske yap ede gang kriminèl yo ogmante enfliyans yo an echanj pou lajan.

Melanie Joly deklare: "Objektif nou se mete maksimom presyon sou politisyen elit sa yo. Ap gen plis sanksyon toujou."

Joly fè komantè sa a nan yon konvèsasyon ak ajans nouvèl Reuters pa telefòn apre yon rankont G7 la an Almay. Li pa bay okenn lòt detay sou sanksyon yo.

Joly di: Nou konnen gang yo ap sèvi ak politisyen yo pou ogmante enfliyans yo. Pandansetan, politisyen yo ap sèvi ak gang yo pou yo anrichi tèt yo. Donk se yon sèk visye ke nou vle kraze."

Minis Kanadyen an pran la pawòl apre Etazini ak Kanada te anonse yon seri sanksyon yo pran ansanm Vandredi, ki sible Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert, ak ex-senatè Youri Latortue.

Gang yo ogmante enfliyans yo depi asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021. Premye Minis Ariel Henry fè fas ak anpil difikilte pou'l retabli lòd nan peyi a.

XS
SM
MD
LG