Accessibility links

Breaking News

Polis Nasyonal Ayiti ap Eseye Kraze Blokis Teminal Petwòl Varreux a


Foto Achiv: Kamyon gang yo bloke akse ak teminal petwol Varreux a nan Potoprens, Ayiti.
Foto Achiv: Kamyon gang yo bloke akse ak teminal petwol Varreux a nan Potoprens, Ayiti.

Polis Nasyonal Ayiti ap goumen pou wetire prezans yon gang pwisan ozalantou terminal petwòl kle Varreux a ke yo bloke depi preske 2 mwa.

Li poko kle si blokis la leve konpletman.

Chef lapolis Frantz Elbe felisite ofisye ki te patisipe nan operasyon an Vandredi, pou dechouke manm federasyon gang yo ki te derefize deplase amwenske premye minis la demisyonnen.

Li pa kle si okenn moun pedi lavi yo nan echanj kout zam yo nan kapital la Jedi, ni si gang la kite zòn nan konpletman.

Elbe di lapolis "ranpòte yon bagay men travay la poko fini."

PNH Anonse li Debloke Tèminal Petwòl Varreux a
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:30 0:00

Pot pawol PNH la pa reponn demann AP, ni VOA Kreyòl fe pou komante. Biwo Premye Minis Ariel Henry pa reponn non plis.

Stasyon radyo lokal yo rapòte zon Varreux a te kalm Vandredi.

Rate gaz la fòse plizye stasyon femen e sa anpeche lopital yo ofri sevis esansyel pandan ke epidemi kolera a ap fe ravaj.

Sityasyon an bay gouvenman etranje yo anpil ke sote. Se poutet sa yo voye asistans bay PNH la pandan semen ki pase yo - pami yo machin blende pou ede konbat gang yo, ki vinn pi pwisan depi asasina Prezidan Jovenel Moise nan mwad Jiye, 2021.

Sepandan gouvenman etranje yo poko reponn demann Henry te fe 7 Oktòb pou yon fòs entevansyon.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG