Accessibility links

Breaking News

Sekretè d Eta Blinken Deziye Senatè Ayisyen Joseph Lambert pou Koripsyon, Vyolasyon Dwa Moun


Sekrete d' Eta Ameriken Antony Blinken pale pandan yon konferans de pres Jedi 17 Mas, 2022 nan Depatman Deta nan Washington.
Sekrete d' Eta Ameriken Antony Blinken pale pandan yon konferans de pres Jedi 17 Mas, 2022 nan Depatman Deta nan Washington.

Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken pibliye yon deklarasyon Vandredi 4 Novanm, kote li fè konnen li deziye prezidan Sena Ayisyen an, Joseph Lambert pou enplikasyon ni nan koripsyon ak vyolasyon "flagran" dwa moun.

Blinken di: Lambert "abize pozisyon pitlik li lè li patisipe nan aktivite koripsyon ki afekte entegrite gouvènman Ayisyen an."

Sekretè d Eta a di Etazini gen enfomasyon "kredib" sou enplikasyon Lambert nan vyolasyon "flagran" dwa Moun - a savwa yon egzekisyon ekstrajidisyè pandan li se yon responsab gouvènman an.

Blinken di deziyasyon piblik sa a, dapre atik 7031 (c) lwa Depatman d Eta a vle di Lambert ak manm fanmi li pa gen otorizasyon antre Ozetazini.

Depatman d Eta deziye tou Jesula Domond Lambert.

Blinken di mezi sa a gen kòm bi pou enpoze konsekans pou moun ki minnen demokrasi.

"Nou kontinye apiye sitwayen, òganizasyon ak fonksyone an Ayiti ki angaje nan aktivite pou ogmante espwa epi kreye opòtinite pou yon pi bon avni pou nasyon yo."

Sekretè Trezò Etazini anonse maten an sanksyon li pran an kolaborasyon ak Kanada kont Senatè Lambert epi ex-senatè Youri Latortue pou enplikasyon yo nan ensekirite a epi trafik dwòg.

Blinken fini pou di: "Etazini rete bò kote pep Ayisyen an nan pouswit demokrasi, pwosperite ak yon eta de dwa."

XS
SM
MD
LG