Accessibility links

Breaking News

Depatman Trezò Etazini Anonse Sanksyon kont Ayisyen Lambert, Latortue


Foto Achiv: Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert pale pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens, 10 Janvye 2022.
Foto Achiv: Prezidan Sena Ayisyen an Joseph Lambert pale pandan yon konferans pou lapres nan Potoprens, 10 Janvye 2022.

Depatman Trezò Etazini anonse jodia sanksyon kont Senatè Ayisyen Joseph Lambert ak ex-Senate Youri Latortue ke lajistis Ameriken akize dèske yo mele nan trafik dwòg. Depatman Rezo di Etazini pran sanksyon sa yo ansanm ak Gouvenman Kanada.

Nan yon nòt pou laprès Depatman Trezò a pibliye jodi Vandredi a, li di lap pran mezi sa yo kont Lambert ak Latortue poutèt yo te patisipe oubyen eseye patisipe nan aktivite oswa tranzaksyon ki kontribye a oubyen ki poze gwo risk pou pwoliferasyon entènasyonal dwòg oubyen pwodiksyon dwòg.

Lambert se Prezidan Sena Ayisyen an, e lap travay nan domèn politik la depi 20 an.

Foto Achiv: Ansyen senate Youri Latortue ak gad di ko li yo, devan tribinal Potoprens la, 12 Jiye, 2021.
Foto Achiv: Ansyen senate Youri Latortue ak gad di ko li yo, devan tribinal Potoprens la, 12 Jiye, 2021.

Latortue se yon ansyen senatè Ayisyen ak yon politisyen de karyè.

Sou Sekretè Trezò pou Teworism ak Ransèyman Finansye Brian E. Nelson di: Joseph Lambert ak Youri Latortue abize pozisyon ofisyèl yo pou trafike dwòg, e yo kolabore ak kriminèl ak rezo gang yo pou minnen eta de dwa a an Ayiti."

Li ajoute: "Etazini ak patnè entènasyonal nou yo pral kontinye pran mezi kont tout moun ki fasilite trafik dwòg, soutire koripsyon epi chache benefisye de enstabilite a an Ayiti."

Nòt de pres la di Lambert gen koneksyon ak trafik dwòg depi 20 an. Li di misye te pwofite pozisyon li pou'l fasilite trafik kokayin kap soti Kolonbi pou an Ayiti, epi ede trafikan dwòg sa yo chape anba men lajistis. Nòt pou laprès la ajoute Lambert kontinye meprize eta de dwa a e li kontribye a destabilizasyon Ayiti.

Pa rapò ak Latortue, Depatman Trezò a di misye konekte ak trafik dwòg depi lontan. Li di Latortue te patisipe nan trafik kokayin kap soti Kolonbi pou antre an Ayiti, e ke li pase lòd bay moun pou komèt zak vyolans pou li.

Depatman Trezò a di li te travay sere sere ak Administrasyon Ranfòsman Dwòg la sou sanksyon sa yo.

Foto Achiv: Bilding Depatman Trezo a, nan Washington.
Foto Achiv: Bilding Depatman Trezo a, nan Washington.

Detay sou Sanksyon yo

Sanksyon yo bloke tout pwopriyete ak enterè 2 endividi sa yo genyen Ozetazini. Met sou sa tout pwopriyete yo posede swa dirèkteman oubyen endirèkteman, tout sa yo kontwole a 50 pousan oubyen plis pase sa, bloke tou. Sanksyon sa yo entedi moun Ozetazini ak Ameriken fe biznis oubyen antre nan konfyolo ak 2 moun sa yo.

Met sou sa, nempòt ki moun ki antre nan tranzaksyon ak Lambert ak Latortue taka fè fas ak sanksyon oubyen aksyon lajistis. Nempòt ki enstitisyon etranje finansye ki fasilite tranzasyon ki gen enpòtans oubyen ki dispoze sevis finansye pou endividi sa yo pral fè fas ak sanksyon tou.

Depatman Trezò di objektif sanksyon sa yo se pa pinisyon men fè moun sa yo chanje konpòtman yo pou le byen.

Foto Achiv: Pot pawol Lamezonblanch pou zafe sekirite nasyonal, John Kirby.
Foto Achiv: Pot pawol Lamezonblanch pou zafe sekirite nasyonal, John Kirby.

Kòmante Lamezonblanch

Pòt pawòl Lamezonblanch pou zafè sekirite nasyonal, John Kirby pale te Ayiti tou pandan rankont li ak laprès Vandredi.

Li fè konnen ke sanksyon kont Senatè Lambert ak Latortue gen ladann anilasyon viza. Li fè remake ke Etazini vize Senatè Lambert pou vyolasyon grav dwa moun ki lye ak misye.

Kirby deklare: "Nou vle di klèman Etazini pran angajman pou enpoze konsekans epi egzije responsabilite pou moun kap enstige zak vyolans ak ensekirite ak sa yo ki soutire moun kap komèt zak vyolans nan peyi a. Nou pare pou pran lòt aksyon toujou ki apwopriye kont move aktè sa yo kap rann sityasyon Ayiti a pi grav. Nan jou ak semèn kap vini yo, nou pral kontinye kowòdone ak patnè entènasyonal nou yo, epi Nasyonzuni pou pote sipò Ayiti bezwen an. Nou pral kontinye egzije moun ki responsab yo pran responsabilite.

Kestyon Fòs Miltinasyonal la

Pa rapò ak fòs milinasyonal la, Kirby di konvèsasyon an ap kontinye e ke oken desizyon final poko pran.

Kirby di: "Byen antandu nap pale ak yon varyete patnè sou detay fòs la, kijan yo ta dirije'l, kijan yo ta òganize li, men ankò oken desizyon poko pran sou yon nasyon an patikilye ki ta patisipe nan fòs sa a e mwen ta renmen raple ke si nou ta kreye yon fòs konsa, misyon li an tap byen defini."

Korespondan VOA nan Lamezonblanch, Patsy Widakuswara kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG