Accessibility links

Breaking News

Etazini Gen Konfyans yon Rezolisyon LONU ki Otorize yon Fòs Militinasyonal pou Ayiti ap Pare nan Kòmansman Mwad Novanm


Sekretè d Eta Adjwen Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal yo Brian Nichols nan yon entevyou ak VOA Espayol, 22 Sept. 2022 nan Nouyok.
Sekretè d Eta Adjwen Etazini pou Zafè Emisfè Oksidantal yo Brian Nichols nan yon entevyou ak VOA Espayol, 22 Sept. 2022 nan Nouyok.

Washington gen konfyans yon rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini va pare e ke yap jwen peyi ki dakò pou dirije yon fòs nan komansman mwad Novanm nan pou fè fas ak kriz imanitè Ayiti a. Se sa Sekretè d Eta adjwen Ameriken Brian Nichols deklare Mèkredi.

Pandan yon pale ak jounalis yo sou vizit Sekretè d Eta Antony Blinken pral fè nan peyi Kanada Jedi, Nichols, ki se responsab pi wo plase pou zafè Emisfè Oksidantal yo, di jounalis yo yo pral diskite sou konpozisyon yon fòs miltinasyonal ki se yon bagay Ayiti te pwopoze, pandan vizit la.

Sekretè Jeneral LONU, Antonio Guterres deklare yon "fòs aksyon rapid" ta dwe ede fòs polis Ayiti konfwonte gang ki kreye yon kriz imanitè akoz y ap bloke prensipal tèminal petwòl la.

McClatchy ak Miami Herald rapote Madi ke rezolisyon Etazini apiye sou inisyativ la te prèt pou l echwe amwenske yon patnè etranje dakò pou ofri manm pèsonèl pou fòs la. Rapo sa yo site sous ki pat vle bay non yo.

Jiskaprezan okenn peyi poko ofri pou'l dirije fòs la, malgre Bahamas te di li taka voye twoup oubyen polisye an Ayiti si yo mande'l pou l fè sa.

"Mwen pa dakò ditou ak ide kòm kwa yon rezolisyon ki otorize yon fòs miltinasyonal an peril," Nichols deklare. Li ajoute ke li atann ni aske lidèship fòs la vin pi klè epi pwogrese nan jou kap vini yo.

Nichols di: "Mwen gen konfyans nap gen yon bagay nan komansman mwad Novanm nan ak yon lidè pou fòs la. Donk mwen kwè tout bagay ap pwogrese komsadwa."

XS
SM
MD
LG