Accessibility links

Breaking News

Blinken Pral Kanada Semèn Sa a pou Diskite sou Ikrèn, Ayiti


Sekrete d' Eta Ameriken Antony Blinken pale pandan yon konferans de pres Jedi 17 Mas, 2022 nan Depatman Deta nan Washington.
Sekrete d' Eta Ameriken Antony Blinken pale pandan yon konferans de pres Jedi 17 Mas, 2022 nan Depatman Deta nan Washington.

Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken pral vwayaje Kanada Jedi ak Vandredi semèn sa a pou diskite sou objektif 2 peyi yo pataje. Pami sijè diskisyon yo genyen lagè Ikrèn nan, kriz imanitè Ayiti, epi kowoperasyon sou migrasyon ak lojman pou refije yo, dapre sa Depatman d Eta fè konnen.

Blinken pral rankontre Premye Minis Justin Trudeau ak Minis Afè Etranje Melanie Joly. Depatman d Eta di pral vizite Ottawa ak Montreal.

XS
SM
MD
LG